Kafou Rita / Gwo pwoblèm drenaj ak asenisman
Kafou Rita (Kominn Taba)/pwoblèm drenaj ak asenisman. Kisa’l ye reyèlman? Nou nan mèkredi maten, aprè yon gwo lapli te fin tonbe ayè nan madi nan kapital peyi a. Aktyèlman nou Klèsin (Clercine) presizeman Kafou Rita nan mitan yon pil dlo, labou, ak yon gwo pil fatra kote kochon avèk chen sèvi pou regle zafè lamanjay yo. Kamyonèt, ti bis, gwo bis, yo tout nan yon blokis ki pa janm ka demakònen. Elèv lekòl, machann , avèk moun ki pral travay fin awoyo nan tatonnen sou ti grenn wòch pou travèse ale lòtbò dlo, sa plis ke yon jwèt marèl. Nèg moto fin pran ti rès bout twotwa a, yo tankou se pil mouch ki ap pousib yon vyann santi nan bat pou soti tèt yo nan chenn blokis sa ki san fen an. Pou yon kafou ki debouche sou plizyè zòn nan kapital peyi an se pi grav atò. Si nap swiv byen, se yon kafou ki mennen nou nan èpòt entènasyonal peyi an ; li mennen nou nan youn nan pi gwo kominn ki gen nan kapital la ki se kominn tab...