Kafou Rita / Gwo pwoblèm drenaj ak asenisman

Kafou Rita (Kominn Taba)/pwoblèm drenaj ak asenisman. Kisa’l ye reyèlman?

Nou nan mèkredi maten, aprè yon gwo lapli te fin tonbe ayè nan madi nan kapital peyi a. Aktyèlman nou Klèsin (Clercine)  presizeman Kafou Rita nan mitan yon pil dlo, labou, ak yon gwo pil fatra kote kochon avèk chen sèvi pou regle zafè lamanjay yo.

    Kamyonèt, ti bis, gwo bis, yo tout nan yon blokis ki pa janm ka demakònen. Elèv lekòl, machann , avèk moun ki pral travay fin awoyo nan tatonnen sou ti grenn wòch pou travèse ale lòtbò dlo, sa plis ke yon jwèt marèl.

    Nèg moto fin pran ti rès bout twotwa a, yo tankou se pil mouch ki ap pousib yon vyann santi nan bat pou soti tèt yo nan chenn blokis sa ki san fen an.

    Pou yon kafou ki debouche sou plizyè zòn nan kapital peyi an se pi grav atò. Si nap swiv byen, se yon kafou ki mennen nou nan èpòt entènasyonal peyi an ; li mennen nou nan youn nan pi gwo kominn ki gen nan kapital la ki se kominn taba ; kafou sa mennen nou nan yon pakèt gwo makèt, ki ouvè lèstomak yo sou ti moso wout la, ki chaje labou ak fatra, li mennen nou nan yon pakèt gwo otèl, gwo antrepriz  prive, gwo lekòl tou, se yon fason poum diw Kafou Rita sa tout gwo otorite, tout kategori, tout kouch sosyal moun pase ladanl chak jou.


Kisa ki koz pwoblèm drenaj sa nan komin Taba?

    Pwoblèm drenaj nan kominn taba se yon pwoblèm ki grav anpil a chak fwa lapli tonbe nan zòn anwo tankou Petyonvil / wout frè / Dèlma,etc… dlo sa yo alimante pa yon ansanm  kanal ki la pou resevwa yo e drene yo pou yo al evakye swa nan rivyè, nan lamè, elatiye...

    Malerezman dlo sa yo pa janm ka rive nan destinasyon yo akòz de mòvèz jesyon, akòz kiraj ki pa janm fèt e fatra ki toujou ap jete nan kanal yo, sa vin lakoz dlo lapli yo paka jwenn aksè pou yo kapab evakye.

    Fòk nou konnen komin taba, se youn nan komin ki konstwi san ke pat gen yon sistèm  drenaj apropriye ki te defini, sa ki vin rann pi difisil evaksyon ansanm dlo lapli ki tonbe nan komin sa. Otorite nan zòn nan pat janm konstwi e pat fè previzyon pou tout kantite debi dlo kap vinn nan komin nan a chak fwa lapli tonbe, sa ki vinn koze gwo pwoblèm nan komin sila. Otrefwa nan lane 90 yo , selon moun ki tap viv nan komin nan lè lapli te tonbe,  dlo yo te toujou evakye pou li ale debouche sou rivyè griz. Jounen jodya a chak fwa lapli tonbe, dlo yo chita nan wout lan ; nan kay moun yo, sa ki vinn paralize aktivite sosyal, komèsyal moun nan zòn nan, sa ki vinn fè yon enpak negatif sou anviwonman an ak moun ki ap sikile nan kominn sila a tankou :

  • Dlo kraze wout yo;
  • Machin, moto, ki pa ka jwenn aksè pou sikile fasilman;
  • Ansanm popilasyon an ki pa ka al jere aktivite yo atan;
  • Elèv lekòl ki pa ka al lekòl.
  • Se yon sitiyasyon entolerab, ki vin bay anpil maladi tankou malarya, tifoyid, elatritye…

A chak fwa sitiyasyon sa prezante, otorite konsène yo, tankou otorite meri Taba pa janm jwe wòl li byen, pa janm gen yon travay an pwofondè ki fèt vrèman, kiraj kanal yo toujou fèt nan fason sipèfisyèl, fatra toujou ap bouche kanal ki nan komin nan , e dlo an paka evakye li rete chita la, kanal yo pa janm elaji pandan kantite debi dlo an ap ogmante, lameri pa janm jwe wòl li nan sansibilize popilasyon an pou li pa jete fatra nan kanal yo. E si tout fwa sitiyasyon an ta rete konsa nan 10 lane ankò pou nou pa di plis, popilasyon nan kominn taba ap nan gwo kouri, kominn nan ap fini pa inonde nèt, moun pap kapab abite nan zòn sila ankò.

https://konesansenfrastrikti.blogspot.com/2020/11/insalubritehaiti.html

Eskew panse otorite pa bò isit yo pa konnen pwoblèm sa?

    Okontrè yo konnen l pi byen pase nou toujou, chak jou yo pase ladanl pou y’al jere zafè yo. Yo pase ak gwo sirèn, bay moun pousyè lè gen solèy e yo wouze nou tou ak dlo santi lè se lapli.

    Pwoblèm nan fè nou parèt lèd anpil, li fè tout popilasyon kap viv nan zòn nan ap plenyen  chak fwa lapli tonbe nan Kafou Rita. Granmoun lontan te toujou konn di lè lapli tonbe se gwo bendiksyon, ebyen pou moun Kafou Rita, se youn nan pi gwo malediksyon ke yo ta kapab viv a chak fwa lapli tonbe nan zòn nan. hmmm !!! Sa ensite nou pou nou  mande tèt nou : kote mouche leta ? Kote enstans ki konsène yo, kote lameri ?


Solisyon pwopoze 

  • Lameri nan kominn taba dwe jwe wòl li, nan mete sou pye yon plan asenisman ki dirab nan kominn nan, fè yon kapay pou sansibilize popilasyon an pou yo sispann jete fatra nan kanal yo.
  • Etabli yon orè ki stab, e ki pap deranje popilasyon an evakye nan aktivite yo, pou ranmase fatra regilyèman nan zòn nan pou evite blokis sou wout la.
  • lameri taba avek lòt enstans ki konsène dwe pwosede  yon teknik ki fyab pou kapab fè kiraj ansanm eleman idwolik ki nan komin nan (kanivo ; rigòl, kanal , elatriye..) pou fasilite dlo lapli, dlo kap soti nan lòt zòn anwo yo, ansanm ak dlo kap soti anndan kay moun yo fè chimen yo pi rapid, yon fason pou kapab evite tout risk inondasyon lè lapli tonbe oubyen dlo rete chita sou wout la.
  • Ministè transpò piblik dwe mete sou pye yon pwojè pou reyabilite twonson wout ki nan komin nan, an menm tan ouvri lòt twonson wout yo plis pandan yap respekte nòm yo, e kreye lòt aks pou kapab diminye volim blokis ki nan kafou sila.

 

klike sou lyen sa: https://youtu.be/GVOr3xlC1Gk Tout sa ou dwe konnen sou dlo potab


Donald GUSTAVE, Ingénieur Civil 

(509) 4649-6245 / 4169-5528

konesansenfrastrikti@gmail.com

Commentaires

Enregistrer un commentaire

Articles les plus consultés

Anpil moun ap kouri retire Whatsapp sou telefòn yo

Cap-Haitien / tremblement de terre de magnitude 8?

Rezo wout Ayiti