Pò nan peyi Ayiti
Pò nan peyi Ayiti
Yon pò se yon enfrastrikti ki konstwi pou resevwa bato , anbakman ak debakman machandiz. Travay sa fèt pou bato ki pote tout kalite machandiz ak bato lagè ka akochte. Yon pò fèt nan yon zòn oubyen peyi pou ka resevwa oubyen fasilite echanj ak lòt peyi oubyen lòt zòn.
pò port-au-prince (la saline)
Gen plizyè kalite pò
Avèk devlopman teknoloji a, anpil peyi konstwi anpil pò, chak kote pò sa yo ye, yo pote yon non. Men kòman nou ka fè diferans pò sa yo :
Pò bò lanmè (se kote bato ki pote machandiz yo kanpe/akochte pou debake, se kote bato lagè yo kanpe tou)
Pò ki bò rivyè (pò sa yon se yon pò yo. mounn deside fè pou tèt li oubyen regle koze pal oubyen metel pou lòt mounn ka itilize)
Pò ki bò lak (se menm jan ak pò ki bò lanmè, yo jwe menm wòl)
Pò sèk (se pò ki fèt sou tè pou ti kannòt ak ti bato prive)
Kote pò yo ye nan peyi AYITI?
Ayiti se yon peyi ki pa gen anpil mwayen, men leta
konstwi kèk pò nan peyi a. Fòk nou di tou lè nou gade pò sa yo, nou wè yo fè
pati yon sèl kategori ki se PÒ BÒ LANMÈ
Non ak kote yo ye :
Pò lafito Depatman lwès (lafito wout natyonal #1)
Pò port-au-prince (depatman lwès)
Pò entènasyonal cap-haïtien (depatman Nò)
Pò miraôane (sid)
Pò petit-gôave (sid)
Pò corail
Pò cayes (sid)
Pò jacmel (sid)
Pò de jeremie (grandans)
Pò Saint-marc (latibonit)
Pò carries
Pò gonaïve (latibonit)
Pò port-de-paix (Nòdès)
Pò fort-liberté (Nòdès)
Pò anse-à-galets
Pò baradères
Pò port-à-piment
Pò cité soleil
Pò la saline
Men nan tout pò
sayo se 2 ladan yo ki resevwa ak voye machandiz an menm tan se sa ki potoprens
lan ak sa ki okap la. Tout rès yo se resevwa yo resevwa sèlman. Gen 13 pò ki
sou kontwòl APN ki se enstitisyon leta, men gen 11 ki se pò kabotaje. Genyen 6
pò prive. Gen anpil nan pò sa yo ki pap fonksyone pou kounya.
APN ki vle di nan lang fransè : autorité portuaire nationale. Enstitisyon sa te kreye nan lane 1985. Se li menm ki jere zafè enstalasyon pò an Ayiti.
Ki enpòtans sektè pò genyen pou
Ayiti ?
Nan tout peyi,
sektè pò se yon gran sektè ki pèmèt peyi a rantre lajan, tout peyi toujou
anbrase sektè sa paske li reprezante nanm peyi a. Gen peyi kote sektè sa se sèl kote
ki fè yo antre lajan pou yo ka fè devlopman e repon ak bidjè yo.
Pou ayiti se yon sektè ki pèmèt leta antre lajan men kòm ayiti se yon peyi pòv ki gen yon pwodiksyon ki fèb, sa vin fè li pa ka vann anpil ak lòt peyi yo. Echanj sa tap yon mwayen pou li rantre plis lajan ak ede peyi a devlope. Nan karayib la se sèl ayiti kip a jwi e pwofite de sektè sa pou devlopmanl. Sektè pò a bay 85% nan lajan ke sistèm dwan nan ap rasanble pou leta. Lajan sa reprezante 65% nan asyèt fiskal peyi a. Nap konprann byen ke sektè sa jwe yon kwo wòl nan devlopman Ayiti. Men anpil travay dwe fèt toujou paske sektè a gen anpil dezòd ladan.
Kòman
sektè sa ap mache, kisa ki dwe fèt ?
Otorite ki plase
pou jere sektè sa fè anpil efò men sektè sa toujou pa byen eksplwate.
Gouvènman ki pase
yo fè jefò pou amelyore sektè sa an Ayiti men travay yo poko ka fè efè paske
gen twòp feblès, leta pa janm regilarize sektè sa yon fason poul benefisye de
resèt dwanyè a. enfrastrikti yo souvan pa reponn ak nòm entènasyonal yo.
Kisa ki ta dwe fèt
Ta dwe gen refòm
ki fèt sou lwa ki regle sektè pò nan peyi dayiti pou pèmèt leta pran kondwòl
lajan nan sistèm dwanyè peyi a konsa leta tap ka monte yon plan de devlopman
pou kontribye nan devlopman peyi e sektè a.
Aksyon sa yo ta dwe poze pou amelyore sektè a
· konstriksyon
yon mega pò ;
· yon plan pou repare sa ki pa an fonksyon
yo ;
· Defini
yon plan devlopman.
Pò bò lanmè
Eta pò okay la





Bon travail !
RépondreSupprimer