Anpil moun ap kouri retire Whatsapp sou telefòn yo

 Anpil moun ap kouri retire Whatsapp sou telefòn yo

Kisa ki pase?


Nan dat 7 janvye 2021 , konpayi mesaj Whatsapp te anonse nouvo chanjman ki pral genyen nan kondisyon itilizasyon aplikasyon an. Kondisyon sa yo gen rapò dirèk ak pataj kèk enfòmasyon pèsonèl itilizatè yo ak konpayi Facebook. Whatsapp menm menase itilizatè ki pa dakò aplike nouvo kondisyon itilizasyon yo pou sispann tout sou aplikasyon an a pati 8 fevriye 2021

Enkyetid itilizatè Whatsapp yo ogmante chak jou ki ap pase a pati yon pakèt fo enfòmasyon ki ap sikile sou entènèt la. Anpil fo enfòmasyon ap sikile nan lide pou kreye plis dout lakay itilizatè Whatsapp yo ak pou fasilite itilizatè yo al jwenn lòt aplikasyon mesaj tankou : SIGNAL ak TELEGRAM.

Sa nou dwe konnen

  • Whatsapp pa gen aksè ak mesaj nou yo, dayè nou kapab konfigire aplikasyon an pou yo disparèt aprè yon kantite tan
  • Whatsapp pa gen aksè ak diskisyon gwoup nou yo, ni apèl nou yo
  • Whatsapp pap pataje kontak nou yo ak Facebook

Ki enfòmasyon ki ap gen pou pataje ak Facebook?

Chanjman ki fèt nan kondisyon itilizasyon aplikasyon an gen rapò ak antrepriz ki itilize aplikasyon an pou fè bisnis. Lè yon kliyan ap diskite sou Whatsapp ak yon antrepriz , Whatsapp ap itilize API ki disponib la pou li kapab anrejistre diskisyon an sou sistèm enfòmasyon Facebook. Lè yon ka konsa rive gen yon mesaj ki ap avèti nou sa.

Poukisa Whatsapp ap anrejistre diskisyon kliyan ak antrepriz yo sou sistèm Facebook ?

Lide kondisyon sa a se pou kreye yon relasyon ant boutik Facebook yo ak boutik Whatsapp yo. Facebook ap chèche yon mwayen pou li fè Whatsapp fè plis kòb a pati antrepriz yo.


Si w ta renmen li yon atik sou « Tout sa ou dwe konnen sou aplikasyon SIGNAL ki kòmanse itilize anpil Ayiti » kite yon kòmantè pou di sa


 LDS/Tech 02

Commentaires

Enregistrer un commentaire

Articles les plus consultés

Cap-Haitien / tremblement de terre de magnitude 8?

Rezo wout Ayiti