Rezo wout Ayiti

 KONESANS ENFRASTRIKTI

Tit : Rezo wout Ayiti


Donald GUSTAVE (Enjenyè sivil)

 Jeldane JOSEPH (Enjenyè sivil)


Pwen dominan : 

  1. Kisa ki yon rezo wout?

  2. Ki rezo wout prensipal ayiti yo?

  3. Ki evolisyon ki fèt nan rezo wout nan peyi an soti nan lane 1991 pou rive 2020?

  4. Kisa ki dwe fèt pou amelyore rezo wout nan peyi an?



1.-Kisa ki yon rezo wout?

Yon rezo wout se tout mwayen tèrès ke nou kapab itilize pou fasilite transpò machin; moto; pwa lou;  bekan; elatriye…


2.-Ki rezo wout prensipal ayiti yo?

Rezo wout an ayiti yo konsiste de wout nasyonal, wout depatmantal, ak lokal. Nan nivo legal la se Selman tèm wout nasyonal la ak depatmantal la ki rekonèt.

Pa bò isit lakay nou, wout nasyonal yo repati konsa :

Wout nasyonal No 1: ki pran direksyon gran Nò, li pase SENMAK ak GONAYIV  pou fini nan KAP-AYISYEN.

Wout nasyonal No 2: ki pran direksyon Gran sid la atravè sant pòtoprens, li pase TIGWAV ak AKEN pou li al fini OKAY.

Wout nasyonal No 3: ki travèse PLATO SANTRAL la atravè MIBALÈ ak ENCH pou li antre finalman nan RN1 an ki nan KAP-AYISYEN.

Wout nasyonal No 4: branch li soti nan wout RN2 a nan kafou DI FÒ nan sid LEYOGAN. RN4 la travese MASIF LASEL jouk li rive nan lavil JAKMEL.

Wout nasyonal No 5: RN5 lan soti nan RN1 sou bò nòdès GONAYIV, pou li al fini nan andeyò PÒDEPÈ.

Wout nasyonal No 6: li menm li soti nan RN3 a pou li ale nan nòdès peyi an nan fwontye repiblik dominiken nan wanament pou li al fini nan rivyè masak.

Wout nasyonal No 7: komanse nan avni dè kat chemen nan OKAY, pou li al fini nan katye JEREMI.

Wout nasyonal No 8: komanse KWADEMISYON, li kwaze KWADEBOUKÈ pou li al fini nan MALPAS fwontyè repiblik dominiken. 


Wout depatmantal:

Yo soti nan wout nasyonal rive jwenn sant ibèn yo ansanm.


3.-Ki evolisyon ki fèt nan rezo wout nan peyi an soti nan lane 1991 pou rive 2020?

Antretyen pou RN1 ak RN2, ki te pase aprè koudeta prezidan Aristide nan lane 1991 lan, te pouse bank mondyal prete leta ayisyen $50 milyon dola pou reyabilitasyon rezo wout sa yo. Pwojè a te anile nan mwa janvye 1999. Bank mondyal, ki konsidere ke anile pwojè sa yo kapab fè gwo enpak nan enfrastrikti wout la, te oblije kreye FER (Fon Antretyen Wout) nan lane 2003, se te yon fason pou diminye koripsyon.

Prezidan Rene Preval nan kapay li pou dezyem manda sou tèt pouvwa a, te sèmante sou rezo wout sa yo pou rekonstwi majorite wout sa yo kap deteryore rapidman e pou konstwi yon lot ki ta pèmèt peyi a avanse.  

Pil pwomès fèt….lè prezidan paka resevwa lajan nan men Bank mondyal, li al sipliye donatè etranje yo ede li, pou evite popilasyon an ki espere wè rezo wout li yo asfalte. Se poutèt sa inyon ewopeyen te pwomèt prezidan Rene Preval ke yap bati RN6 ak RN3.

An menm tan prè bank mondyal ant Ayiti ak Etazini te $200 milyon dola pou rebati RN2, ki soti nan rivye fwad la pou rive jouk AKEN ak reparasyon sou RN1 an soti TITANYEN rive KAP-AYISYEN.

Siklòn ki te pase nan lane 2008 la te koz anpil gwo domaj nan wout yo, ak anpil kontraryete, anpil pon tonbe oswa sibi domaj enpòtan ki mande reparasyon imedyat.  Sa vin lakoz pi fò travay ki tap fèt sou RN1 ak RN2 te oblije sispann, e ki ta pral sibi pi gwo kontraryete nan lane 2010 avek tranblemanntè. 

Anfen, majorite travay kanpe sou tout rezo wout nou yo, sa ki reprann timidman, tankou RN3, e anpil lòt tou yo rete bloke nan pwen yo te rive an.


Estatistik 

Total wout AYITI: 4,370 km

Wout asfalte: 2,656 km (estimasyon nan lane 2011).

Si nou remake byen soti nan lane 1991pou rive nan lane 2020 anyen pa fèt. Tout bèl pwomès prezidan pase yo te fè nou yo, anyen pa respekte vre, sa vle di nou gen anviwon 30 lane depi lajan ap depanse pou Ayiti amelyore rezo wout li yo.


4.-Kisa ki dwe fèt pou amelyore rezo wout nan peyi an?

Pa bò isit lakay nou, rezo wout se youn nan mwayen ke tout popilasyon an alawonnbadè itilize pou kapab  deplase, e jere dosye transpò machandiz elatriye. 

Wout se youn nan mwayen ki kapab kreye devlopman nan nenpòt peyi ki sou latè. Tout gwo peyi sou latè konn kisa sektè wout reprezante nan peyi yo e ki avantaj li ofri yo.

Pa bò isit lakay nou, leta peyi nou ta sanble pa konprann enpòtans kapital rezo wout ta dwe reprezante pou nou, ki chanjman pozitif li kapab pote nan ekonomik peyi nou. 

Leta peyi nou avèk entite ki responsab sektè wout  (MTPTC) pa amelyore sistèm rezo wout nou yo, ni pote okenn chanjman nan mwayen transpò sa. Se toujou menm ti koridò nou te konn ap obseve yo depi ke je nou te kale sou ti mòso tè sa, se toujou menm yo menm ki egziste.

Rezo wout nou yo toujou pa janm reponn ak okenn kritè, okenn lwa entènasyonal yo.

Egzanp nou kapab pran : si nou pran twonson wout delmas, ki relye a Petion ville lan, nou toujou konn ap tande yo rele li OTOWOUT DELMAS, men ki respèkte okenn règ de yon otowout.


Ansanm solisyon KONESANS ENFRASTRIKITI pote:

1. Monte yon lòt plan rezo wout ki fyab, ki dirab, ki respèkte règ yo nan tout entegralite yo, ki kapab kontribye nan devlopman peyi nou, e sektè wout la.

2. Mete sou pye yon pwojè reyabilitasyon tout rezo wout nou yo, yon fason poun jere sekirite, konfò moun ka antreprann wout nou yo chak jou.

3. Leta dwe devlope plis yon lòt mwayen de transpò tankou, transpò ray, transpò maritim, yon fason pou evite oubyen diminye ansanm konfli, aksidan, blokis nou rankontre chak jou nan sekte wout la.

En gwo leta dwe dekonjesyone transpò wout la, devlope lòt tip transpò, sa ki ap ouvri pòt sou yon chanjman ekonomi peyi nou.


konesansenfrastrikti@gmail.com
(509 4859 84 36) 

Commentaires

  1. Felisitasyon pou travay sa... gen anpil moun ki pat konnen tout konesans sa yo... men map mande Eske se pa nou menm enjenyè ak achitek ki spesyalis nan koze sa yo ki ta dwe propoze leta lot tip de transpò li ta ka enplante nan rezo woutye a. Nan MTPTC, eske kad ki la a aktyelman yo gen ase visyon pou yo renove sistèm sa yo nou propoze nan solisyon nou yo...

    RépondreSupprimer
    Réponses
    1. Chris, dabò Konesans Enfrastrikti remèsye w pou tan w akòde a atik li an, e felisite w tou pou bèl kesyon sa.

      1.-Wi, se devwa nou menm antan ke enjenyè pou nou pwopoze leta lòt mwayen, lòt dispozisyon kel dwe pran nan sektè transpò an an Ayiti, yon fason poul kapab evite konfli, ak tout lòt pwoblèm ke nap konfwonte aktyelman nan sistem transpò nan peyi nou, se devwa chak gren enjenyè poun pote solisyon nou, yon fason pou nou regilarize sistèm sa ki la.

      2.-MTPTC, toujou gen kad ki boure avek talan, e ki la pou yo prevwa ansanm de pwoblem sa yo ke nou ap konfwonte avek sistem pa nou an.
      Se yon kesyon de volonte ke nou bezwen.

      Supprimer
    2. Pou 2e pwen an mpa kwe sa depann inikman de volonte... paske franchman gen anpil nan kad ou di yo ki boure ak talan ki plen volonte men gen yon lot bagay daprè mwen ki sous problem nan ki anpeche yo aji.... mrete kwè ke fòk nou jwenn vrè problèm nan avan ou cheche solisyon...

      Supprimer
    3. Prensipal moun ki la pou chevhe pwoblem nan se Leta peyi nou, paske an majorite e yo menm anko ki konn kreye pwoblem yo...
      Nou menm pwofesyonèl ki nan jeni sivil, nou wè pwoblèm yo, konfwonte yo chak jou tou, se pou sa nou vle pote yon ansanm de solisyon nesesè kap kapab soulaje nou a.

      Supprimer

Enregistrer un commentaire

Articles les plus consultés

Anpil moun ap kouri retire Whatsapp sou telefòn yo

Cap-Haitien / tremblement de terre de magnitude 8?